Travay atis la

Vin sipòte atis la nou tout ki renmen l e ki ap voye lang kreyòl la moute. Atis la remèsye tout moun ki te vin sipòte atis la dimanch 4 me 2025 nan little Haiti. Atis la gen yon liv ki fenk soti ki se: ‘Ou Se Pa Mwen.’ Ankouraje atis la e ba li kout men.

Atis la ap travay tou pou l mete kèk fim deyò pou amize frè ak sè Ayisyen parèy li yo, pou li fè kè yo kontan. Vin sipòte atis la nan travay li. Mèsi anpil paske ou sipòte nou.

Byenvini sou sitwèb nou. Nou di ou mèsi pou vizit ou. Pa bliye renmen, kòmante, e pataje. Ankò, mèsi anpil pou vizit ou. Fè nou konnen sa ou panse.

Atis la nan Etazini kounye a andedan eta Florida ap fè pwomosyon liv li yo pou ane 2025 lan. Atis la remèsye tout moun k ap sipòte li pou voye lang kreyòl la moute. Atis la ap nan Ayiti Tv yon okazyon pou n wè atis la k ap pale de travay li nan mitan pèp li. Poze atis la tout kalite kesyon ki sou kè nou. Atis la ap eseye satisfè tout moun ki vle kanpe ak li pou voye nasyon nou kanpe. Atis la di nou tout moun mèsi davans.

Lang Kreyòl la.

Paj sa fèt pou tout moun ki li, ekri, e pale Kreyòl, e ki ta vle aprann lang lan tou. Vin sikre kè w, pataje opinyon w, pran plezi w nan lang Kreyòl la. Ide nou se pou nou pwomote lang Kreyòl la jiskaske li vin yon lang yo pale nan tout kwen nan lemonn antye.

Goute Liv Yo